Bonjou / Bonswa

Nan okazyon 8èm anivèsè LAD’HA (Les Amis d’Haiti) a, mw vle wete chapo m byen ba douvan kokennchenn travay chak manm komite ak komisyon teknik yo pa sispann fè nan lide pou remanbre sistèm edikatif la, revalorize sektè Lakilti a, fè pwomosyon pou ODD yo nan peyi Dayiti epi pote asistans ak moun oubyen kominote ki viktim katastwòf natirèl yo. Jodi a se okazyon pou m onore nou, felisite nou epi selebre jefò ak kouraj nou chak.

Ane sa a, konjonkti sosyal, politik ak ekonomik peyi a pa penmèt nou òganize aktivite festiv jan sa toujou ye. Se pou sa, mw vle pwofite envite chak zanmi ayiti yo (Peyi tankou moun) pou yo reflechi sou kouman nou ka adrese ansanm pwoblèm k ap ravaje Ayiti yo. Wi ! se sèlman ansanm n ap rive jwenn yon solisyon lokal pou n redemare peyi a epi kontinye travay pou n prepare yon pi bon demen pou jenès la ak timoun yo.

Mwen vle pwofite remèsye chak patnè lokal tankou entènasyonal ki toujou la pou kore nou sou plan teknik ak finansye. Mw vle pwofite envite tout lòt òganizasyon nasyonal tankou entènasyonal k ap travay nan menm domèn ak nou pou yo kontinye ranfose kapasite Les Amis d’Haiti nan devlope bonjan patenarya teknik ak finansye ak nou.Ansanm ann kole zepòl pou lavi ka rekòmanse boujonnen.

Bon 8èm anivèsè tout moun !

Bendy Hilaire

Administrateur Public

Coordonnateur General

Adm. Bendy Hilaire, CEO

Tags:

Comments are closed